Enfomasyon Sou Flye Konsey La
Kòman Motè Ou Mache?
Pandan dezyèm trimès la elèv yo kòmanse diskite sou Pwogram Avètisman"The Alert Program" ki ede yo idantifye preparasyon pou yo patisipe nan klas la. Avèk èd vizyèl motè a, elèv yo aprann ke nivo enèji yo kapab afekte konbyen yo aprann nan lekòl la. Si enèji nou desan twòp”ba”nou ka santi nou twò fatige pou nou patisipe nan klas la. Si motè nou twòp “wo” nou kapab twòp eksite pou nou prete atansyon epi chita dousman. Sepandan si motè nou “jis nòmal” nou alèt epi nou prè pou nou aprann nan men pwofesè yo ak youn a lòt. Lè sa - a elèv yo patisipe nan aktivite ki ede yo idantifye epi distinge ant diferan nivo yo.
“Jis Nòmal” Ede nou Aprann Lekòl!
Aprè sa, chak elèv fè yon "engine meter" ki ede yo rekonèt kijan motè yo mache pandan tout yon jounen. "Jis nòmal" se meye kote pou nou ye lè elèv yo ap eseye pou yo aprann nan klas la. Si elèv yo idantifye motè yo ap mache “wo” yo kapab rale souf yo oubyen fè kèk push-ups nan miray la pou motè yo ka mache"Jis nòmal". Si motè yo “ba” yo kapab bwè enpe dlo oubyen jumping jacks pou motè yo ka mache "jis nòmal". Objetif la se pou li “jis nòmal”plis pou jounen lekòl la epi pou yo kapab gen abilite sou kilè pou nou kontwole motè a natirèlman nou mache monte ak desan. Pou plis enfòmasyon sou "Alert Program" tanpri vizite www.alertprogram.com
Meghan A. Clark, LICSW
Email: mclark@k12.somerville.ma.us
Website: somerville.k12.ma.us
Location: Healey Room 206
Phone: 6565